Equilibre infos plus

Appeler Itinéraire Contacter l'entreprise

Equilibre infos plus Equilibre infos plus- Nouvèl verifye 7/7, 24/24 !

sòti jakmèl, sidès, Ayiti, nou pote Enfòmasyon lokal, nasyonal &entènasyonal⚖️ objektivite, verifikasyon, ekilib toujou la pou ou !

24/09/2026

Kiyès lise sa ?
Direktè entèdi
Menm ti b telefòn edem peze

🇭🇹 Ayiti | Prezidan Brezil la fè lwanj pou Ayiti devan NasyonziniPrezidan Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, pandan e...
24/09/2026

🇭🇹 Ayiti | Prezidan Brezil la fè lwanj pou Ayiti devan Nasyonzini

Prezidan Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, pandan entèvansyon li devan Asanble Jeneral Nasyonzini an madi 22 septanm, fè lwanj pou Ayiti, li raple peyi a kòm premye Leta nwa endepandan nan mond lan, ki te pran endepandans li an 1804 apre yon revolisyon kont esklavaj.

« Ki peche Ayiti te fè pou li rive nan sitiyasyon li ye jodi a? » se kesyon prezidan brezilyen an te poze.

Lula da Silva kritike tou Lafrans, li raple dèt Ayiti te oblije peye an 1825 pou Lafrans rekonèt endepandans peyi a, yon endepandans Ayisyen yo te ranpòte sou chan batay.

Nan menm entèvansyon an, prezidan brezilyen an estime Nasyonzini echwe nan misyon li pou elimine lagè nan mond lan. Li denonse sa li konsidere kòm inaksyon ak enkapasite Konsèy Sekirite Nasyonzini an devan plizyè kriz entènasyonal, pandan li deklare mond lan sanble ap « pran an otaj » devan sitiyasyon sa yo.

Kisa Alix Didier fils aime kòm swadizan dirijan ayisyen kal reprezante l nan nasyonzini di pou defann nasyon an ?
Nan sa map gad la pagen yon dirijan ayisyen aktyèl ki ka pale pou ayiti jan prezidan Brezil la defann nasyon an .

CSPJ pibliye lis majistra kalifye ak sa ki pa kalifye yoKonsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) pibliye rezilta evalyasyon ...
24/09/2026

CSPJ pibliye lis majistra kalifye ak sa ki pa kalifye yo

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) pibliye rezilta evalyasyon li te fè sou 159 dosye majistra. Dapre rezilta yo, 119 dosye konsidere kòm kalifye, pandan 17 pa kalifye.

Rezilta evalyasyon sa a relanse kesyon sou kalite ak pèfòmans magistrati ayisyen an.

IZOLAN anba kritik : atis la ap fè fas ak yon kanpay denigremanIZOLAN se youn nan atis anpil moun konnen nan sosyete ayi...
23/09/2026

IZOLAN anba kritik : atis la ap fè fas ak yon kanpay denigreman

IZOLAN se youn nan atis anpil moun konnen nan sosyete ayisyèn nan. Nan moman sa yo, gen yon kanpay denigreman k ap fèt kont li, kote kèk moun akize l kòmkwa li ta kontribye nan kraze peyi a.

Men, selon lòt moun, yon atis oswa yon sitwayen gen dwa eksprime pozisyon politik li, tankou desizyon li te pran pou li pa soutni Prezidan Jovenel Moïse. Pou kèk pwòch ak zanmi atis la, kritik sa yo ta ka gen rapò ak pozisyon li oswa ak moun ki nan antouraj li.

Kesyon an rete poze: Èske IZOLAN fè peyi a plis mal pase kèk politisyen ki te gen gwo responsabilite nan jesyon peyi a?

Epi, si li se yon sitwayen ayisyen, poukisa gen moun k ap mande pou li kite peyi a?

Deba a merite fèt sou baz reyalite, aksyon ak responsabilite chak moun, san pèsekisyon ni kanpay denigreman.

23/09/2026

Claude Joseph: “Nan 100 premye jou mwen yo kòm prezidan, mwen ta fè Lame d Ayiti pase a 10 000 sòlda”

Ansyen minis ak kandida pou pwochen eleksyon yo, Claude Joseph, fè yon deklarasyon nan yon emisyon kote li eksplike kèk nan mezi li ta pran pandan 100 premye jou li ta pase kòm prezidan.

Pami pwopozisyon li yo, Claude Joseph pale de yon objektif pou ogmante Lame d Ayiti a pou rive nan 10 000 sòlda.

Deklarasyon sa a deja pwovoke anpil reyaksyon sou entènèt. Plizyè moun ap kesyone posibilite pou reyalize yon objektif konsa nan yon delè 100 jou, pandan lòt moun ap mande ki mwayen finansye, administratif ak lojistik ki ta nesesè pou mete yon plan konsa an aplikasyon.

Pwosesis elektoral la: 628 755 elektè deja enskri, 7 kandidati pou prezidans lanDapre yon nòt CEP la pibliye 21 septanm ...
23/09/2026

Pwosesis elektoral la: 628 755 elektè deja enskri, 7 kandidati pou prezidans lan

Dapre yon nòt CEP la pibliye 21 septanm 2026, pwosesis enskripsyon elektè yo ap kontinye atravè peyi a. Enstitisyon elektoral la fè konnen 1 285 Sant Enskripsyon ak Vòt (CIV) deja fonksyone sou tout teritwa nasyonal la.

Jiska dat 21 septanm nan, 628 755 elektè deja enskri sou rejis elektoral la. Selon CEP la, chif sa a reprezante plis pase 10 % elektora potansyèl la, sa vle di sitwayen ki genyen Kat Idantifikasyon Nasyonal.

Nan nivo depatmantal, Sidès, Grandans ak Nip yo anrejistre pi gwo to enskripsyon yo, ak respektivman 16 %, 15 % ak 14,5 % nan popilasyon ki nan laj pou vote.

Sou plan politik la, CEP la rapòte ke 30 estrikti politik deja jwenn akreditasyon, ladan yo 18 pati politik ak 12 gwoupman politik. Platfòm enskripsyon kandida yo deja anrejistre 7 kandidati pou prezidans lan, 162 pou Sena a ak 419 pou Depite yo.

CEP la presize pwosesis enskripsyon kandida yo ak depo pyès obligatwa yo ap kontinye jiska 9 oktòb 2026.

Enstitisyon elektoral la kontinye konsa ap mete sou pye diferan mekanis ki nesesè pou prepare pwochen eleksyon yo.

Joseph Félix Badio devan lajistis ameriken : èske atitid li ap chanje?Apre Joseph Félix Badio te parèt devan lajistis ay...
23/09/2026

Joseph Félix Badio devan lajistis ameriken : èske atitid li ap chanje?

Apre Joseph Félix Badio te parèt devan lajistis ayisyen an nan kad dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse, li fèk parèt devan yon tribinal federal Ozetazini ansanm ak 17 lòt moun ki akize nan dosye a.

Kesyon anpil moun ap poze kounye a se: èske Joseph Félix Badio ap toujou kenbe menm atitid li te montre devan jij ayisyen yo? Èske l ap toujou awogan, pale fò epi parèt kòm yon moun ki pa pè devan lajistis?

Fwa sa a, dosye a antre nan yon lòt etap devan sistèm jistis ameriken an, kote otorite federal yo akize plizyè moun pou patisipasyon yo nan konplo ki te mennen nan asasina Prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021.

Èske fas ak lajistis ameriken an ap fè atitid Joseph Félix Badio chanje? Se yon kesyon tan ap pèmèt nou reponn.

22/09/2026

Pè LouLou, yon sitwayen k ap viv nan komin Gresye, leve vwa li pou denonse sa li konsidere kòm yon gwo pwoblèm ki montre nan ki nivo koripsyon ak akapareman tè kapab plonje peyi a.

Dapre sa li eksplike, yon sèl sitwayen ta genyen anviwon 84 kawo tè bò lanmè, avèk plaj, pandan gen kesyon sou legalite posesyon tè ki nan zòn bò lanmè yo, kote kèk espas ka tonbe anba domèn Leta.

Pawòl Pè LouLou yo soulve plizyè kesyon sou fason tè yo ap distribye, dokiman ki sèvi pou reklame pwopriyete yo, ansanm ak wòl otorite yo nan pwoteksyon patrimwàn piblik la.

Èske Leta ta dwe mennen yon ankèt pou verifye sitiyasyon tè sa yo epi detèmine kiyès ki gen dwa legal sou yo?

:

Nan kad 81yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap chèche ranfòse sipò entènasyonal pou ...
22/09/2026

Nan kad 81yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap chèche ranfòse sipò entènasyonal pou sekirite Ayiti. Bangladesh konfime deplwaman 1 600 polisye ak enjenyè ann Ayiti ant mitan oktòb ak fen novanm pou sipòte FRG. Almay ak Emir Arab Ini yo anonse sipò lojistik, sitou pou fasilite transpò pèsonèl yo ak deplwaman fòs la.

22/09/2026

🎙️ N ap tande analiz jounalis Valéry Numa sou dosye Joseph Félix Badio ansanm ak 17 sitwayen kolonbyen otorite ameriken yo voye chèche.

Ki konsekans desizyon sa a genyen pou sistèm jistis ayisyen an, sitou plizyè ane apre asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse?

👉 Tande analiz la pou w konprann plis sou dosye a.

Adresse

Jacmel

Heures d'ouverture

Lundi 06:00 - 22:00
Mardi 06:00 - 22:00
Mercredi 06:00 - 22:00
Jeudi 06:00 - 22:00
Vendredi 06:30 - 22:00
Samedi 06:00 - 22:00
Dimanche 06:00 - 22:00

Téléphone

+50941953206

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Equilibre infos plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Equilibre infos plus:

Raccourcis

Partager

Catégorie