30/07/2025
Kèk konsey tout gason ta dwe konnen konsènan fanm ansent, pa neglije pataje medam poun ka fè tèks la rive sou mesye yo
Ou dwe konn bagay sa yo pandan fi a ansent kap kenbe an sante ni fi an , ni bb an
Tande sa deranje m anpil lèm wè gen gason ki pa pwan swen madanm yo nan moman grosès, 9 mwa pa 9jou, grosès pa achte nan mache ni pa yon lojisyel ki pou telechaje sou entènèt
Grosès son preparasyon ki byevni yon nouvo manb nan yon fanmi, grosès se yon vwayaj ranpli ki enkwayab
Byen ke grosès la pouse fi a fè sètèn choz li pat dwe fè tankou:
- Detanzantan fi a reaji toujou an kolè le pli souvan
- Detanzantan fi a ap mande w dè choz inimajinab ke li anvi manje nwa koko e pen
- Detanzantan fi a toujou parese se gason an li toujou mande prepare manje pou li nou konn sa depi fi a ansent li lou
- Detanzantan fi a toujou alonje jamb li, fòk nou konn pou yon fi pote yon bb se pa yon bagay fasil
Tou chanjman nou remake lakay yon fi ki ansent se a koz chanjman nan sekresyon òmonn (sibstabns ki libere nan san ki pral aji a distans )yo ki pa sekrete menm jan pa rapo a yon fi ki pa ansent fonn sipòte yo
Tout fanm pa menm nan moman grosès ou jwenn sak lou konsa jwenn sak lejè avèk kò l
Alò la plipa dè fi toujou ap vomi oubyen renmen dòmi, krache anpil etc... tou sa yo se a koz de chanjman nan sekresyon òmonn yo toujou
Mezanmi tolere sa byen son atitid menm si w paka sipote sa, gen gason ki pap sipote sa ki neglije sa, fanm ansent se pa yon vwayaj fasil
Dènye mwa se moman nou pi bezwen nou pa gen pasyans pou tann men se tout olon gwosès la fi an mande akonpayman
Toujou mande l koman santi bb a devwa nou mesye, pa fe yo strese, pa joure yo, pa ba yo kou...sipòte yo bay yo lanmou a tandrès
Toujou di fi a bèl moman vant li gro a, di "cherie grosès la fè w bèl li fè w pi bèl", menm si li pran pwa moman grosès la apresye l , fè ti bizou sou vant pou li, abiye l lèl pa ka fè efò...akonpanye lèl pral Kay doktè
Pa fache si fi a leve w a 2h nan maten pou ede l mase pye l, li paka potel pou kòl fòk nou menm mesye pote l tou, bb a se pou nou de nap potel ansanm
Fè bgay moman grosès la men fòk nou pa enfekte poun pa pote vye jèm bay bebe a , son meyè moman pa wont pou nou soti, soti detantanzan avèk fi a yo renmen sa
Bravo avèk tout gason ki okipe fi pandan grosès
Sante fi a ou jwenn li nan sa fi a ap manje a bal bon ti fwi a legim , al kay Dr avel pou detekte sil bezwen vitamine oubyen" fer" se doktè a kap detemine sa
Pa kite yo pran medikaman san avi doktè pou pa andomaje oubyen fe nou pèdi bebe a
Mesi a tout fanm, nou se manman lavi , presipalman fanm ayisyenn ki se Sentòl kouraj nan sosyete a
Bravo a tout gason ki ranpli responsabilite yo kom fiti papa
Idantifye yon gason li avèw
Like & pataje
Miss Ludenie & Norbrun Kerry