04/12/2024
WOW WOW WOW!! 🙌🏽🙏🏽
Mwen pa rive jwenn mo pou eksprime rekonesans, apresiyasyon ak emosyon mwen resanti, lè mwen tonbe sou tout mesaj nou pataje pandan tout jounen an, apre anons fèmti a. Mwen te vrèman kontan li yo youn apre lòt. Definitivman, nou chak gen yon istwa nan ti bout kwen an. 😊
Pou tout apèl, tout tèks, tout kòmantè, tout mesaj vokal rekonfòtan sa yo … Mèsi pa sifi. Mwen ki te panse se te yon senp anons pou fè konnen ke biznis lan fèmen, mwen vin reyalize se te pito yon move nouvèl ki rive tankou yon siklòn ki fè gwo dega nan zòn nan. Mwen vrèman pa t panse ke te gen tout enpak sa a nan kominote a.
Pou sila ki ap tann yon anons reouvèti nan ane k ap vini yo, mwen p ap di nou “NON”. Paske depi kèk tan, chanje mèt. Se pou kliyantèl la l ye, e se li k ap deside. Qui sait? 😊
Anpil lanmou, respè, rekonesans … pou nou chak. Mèsi pou sipò ak rekonfò nou. Yo vrèman touchan. 🙏🏽🙏🏽