16/10/2025
Ap gen souverènte an Ayiti lè peyizan kap plante nan gran Sid ak gran Nò jwenn kote pou pase pou vin vann danre yo Pòtoprens
Ap gen souverènte lè Peyizan plantè Latibonit yo sipann kouri pou kout, kidnaping ak masak gang ak sapat
Ap gen souverènte lè gen bon envestiman ki fèt nan pwodiksyon, nan transfòmasyon an nan rechèch nan agrikilti nan peyi a
Ap gen souverènte lè nou mete bon taks sou pwodwi alimantè kap rantre nan peyi a pou sispann detwi pwodiksyon nasyonal la
Ap gen souverènte lè nou sispann achte dwa ak libète pèp la ak ti kit manje plastik nan kèlkeswa evénman an
Pou sa, "ann kontinye goumen pou Ayiti vin Granmoun tèt li nan zafè lamanjay"